Let's be human again!

Archives de Tag: Référendum

Ou gen pou wè anpil nan nou ak nan yo pwal pale ou byen radote sou « Je préfère » sa a ke youn nan chèf yo di a. Bann je chèch. Nou sanwont. Ni nou pap mande peyi a padon. Epi nou pwal fè je nou byen chèch pou fè konm si nou pa konpwan.

Me nan ki sa nou mete yon peyi apre tout ane sa yo ke l te pwan endepandans li, (217 lane), nan foli, lanbisyon, renmen lajan, ak rete moun. Nou san lè di ke Prezidan Jovenel Moise ki la koz toujou.

Manyè lave figi nou mesye politisyen sa yo. Nou poko detwi peyi sa ase toujou? Kèt mesye, « Je préfère ». Gad yon lòt souflèt ankò non. Li mezi figin n. Epi pawòl « Je préfère » sa annik repete sa w tande a rnddh lage yon radòt deyò pou l kreye plis konfizyon, plis labwoublay sou koze ankèt sou moun ak gwoup moun ki manje Prezidan an. Konsa tout moun ap deja mèt van nan vwèl yo. Kote Sekrè Deta a ye la a menm?

Moun sa yo a genyen plizyè teren ke yap jwe sou li pou yo kontinye anmède peyi a ak anmède moun pou kouvri eseye yo paske fòk yo pwan pouvwa a, men yo pa nan koze eleksyon.

Mwen te kwè l (rnddh) pat genyen ekspètiz? Kilè li gentan jwen ni la? Aprè konbyen tan rapòl soti la a? Sa vle di, jij la te fè kopi yo pou li (rndhh) a vrèman? Epi jij la ta finn fè kopi yo epi li remèt dosye a paske lap resevwa menas. Ou kwè se ta va sa? E sil ta sa vre? Jij sa a ta sipoze arete tou wi kòm konplis. Se tankou yap depatcha ankèt la byen depatcha jiskaske nan tèt yo, yo elmine ankèt la. Yo tankou chat ak sourit. Antouka, pwovèb la di, fè l piti men fè l byen. Toujou fè bagay nan lavi sa pou n gen rezon.

Men ki sa nèg yo fè ak peyi a. Si yo pa ka manje w yap dejwe w. Sa ta vle di, kòm PM sa a ta sanble pa vle mache nan lojik separe gato a epi pou l ta remèt chèf yo pouvwa a. Yo lage nan kòl tou ou byen se verité? Sil ta verité, kòman rnddh sa a fè jwen koze sa?

Potopwens malad tout bon mesye. Antouka, konbyen « Je préfère » Ayiti dwe jwen jankò avan l ta resi jwen yon lòt vizyonè tankou Prezidan Jovenel Moise? Karaktè se sa ki fè yon nonm. Mwen swete lajistis…O m te bliye, ki lajistis? Ak ki moun? Jistis Bondye a selman ak lanati si se ta pou ti nèg nan lakou isit. De tout fason, se yon Tribinal Entènasyonal pouki jere dosye ankèt Prezidan an.

« Je préfère ». Se pou nou kontinye al voye wòch. « Je préfère ». Se pou nou kontinye al pote plent.

Ke Ayiti divize ak Potopwens. Epi kite moun sa yo ak peyi Potopwens yo a.

#Référendum #Elections

Prof. Benjamin Noel